samedi 1 juillet 2023

#Wanament/#Ensekirite!

 Yon dizèn endividi pèsòn pa rive idantifye atake biwo #paryajpam ki sitiye rivyè kanari nan wanament jodi samdi premye jiyè 2023 a, nan anviwon 5è nan aprèmidi.Nan atak sila, Endividi sila yo sezi yon zam kalib 38 nan men sekirite biwo a. 

Nou vle raple, se pa premye aksyon konsa ki pase nan wanament, semèn pase, te gen 2 gen lòt biwo nan #paryajpam ki te atake e yo pran zam nan men sekirite yo.

Selon enfòmasyon envestigasyon Sal nouvèl Radio Idole dispoze, aksyon sila yo jwenn eksplikasyon nan volonte ki gen pou nèg Mapou ranfòse yo a yon evantyèl atak ki ka vini nan men polisye Bsap yo, swit a plizyè kout kouto youn nan ajan Bsap yo te resevwa nan men nèg nan Mapou.

Plis detay ap vini, men an atandan li klè ke gwo enkyetid plane sou vil wanament sou kesyon ensekirite e Nou mande fòs lapolis la pou l pran bonjan mezi pou asire sekirite popilasyon an nan kontèks tansyon sila yo nan wanament.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

À quoi s'attendre du gouvernement pour la mairie de Ouanaminthe ?

L'annonce imminente du remplacement des agents intérimaires communaux a suscité un profond soulagement au sein de la population ouanamin...